Granmèt, pa voye mwen jete,
Malgre tout sa m’ fè w’ ki mal yo
Tanpri genyen pitye pou mwen,
Padone peche mwen
Mennen mwen al jwenn ou
Ansanm ak tout frè m’ yo.
1. Pitye pou mwen o Bondye
tanpri efase peche m’
Wete tout riz ki nan mwen
Lave m’ sot nan fot mwen an.
Peche m’ nan se mwen k’ konnen l’
Li la san l’ pa vle kite m’
Kont ou sèl mwen fè peche
Sa k’ mal devan je w’ mwen fè l’.
2. Mwen nan peche anvan m’ fèt
se nan dezòd manman m’ fè m’
kijan ou vle pou m’ kòrèk
peche a nan tout mwèl mwen
Men ou vle pou mwen vin sen
Aprann mwen desizyon w’ yo
Netwaye m’ avèk izòp
M’ a vin blan pase koton.
3. Granmèt ban m’ yon kè nouvo,
ban m’ yon lespri ki pi fèm
Pa kache fas ou byen lwen m’
Kite Lespri Sen w’ l’ avè m’
Granmèt w’ a louvri bouch mwen
Bouch mwen k’ ap fè lwanj pou ou
M’ a aprann moun volonte ou
Pechè yo va vin jwenn ou.
3. Ou vle m’ fè sakrifis,
ou pa vle m’ tchwe bèt pou ou
yon sèl kado ou mande m’
se volonte w’ pou mwen fè.
Se pou sa mwen louvri kè m’
Mwen di ou men m’ ap vini
Ban m’ fòs pou m’ fè volonte w’,
Koulye a e pou tout tan.
« Pour moi, la vie c’est le Christ
et mourir représente un gain ».
(Ph 1, 21)