Granmèt ou gade m’, ou sonde m’,
Ou konnen m’, ou renmen m’, se ou ki rele m’
Avèk fòs renmen sa a, w’ a mennen m’ jan ou vle.
1. Depi nan vant manman m’, Granmèt,
w’ ap suiv kijan m’ ap viv,
mwen pa t’ ko vo anyen, se ou menm ki te wè,
se ou ki te renmen m’, se ou menm ki chwazi m’.
2. Depi m’ te tou piti, Granmèt,
w’ ap suiv kijan m’ ap viv,
mwen pat konprann anyen, se ou menm ki te wè m’,
se ou ki te renmen m’, se ou ki kenbe men m’.
3. Mwen pat ko konn mache, Granmèt,
lè m’ te tande vwa ou,
pou m’ te kapab suiv ou, se ou menm ki te wè m’,
se ou ki te renmen m’, se ou k’ trase chemen m’.
4. Mwen pa t’ ko konn pale Granmèt
lè m’ te kontre ak ou
pou m’ te anvi suiv ou, se ou menm ki chwazi m’,
se ou menm ki renmen m’, se ou k’ ap dirije m’.