SOLO : Bondye Granmèt o, Bondye Papa nou yo,
Tanpri pitye pou pitit ou !
Granmèt o, Granmèt pitye !
Jezu o, Jezu, pitye anye
O gran Sent-Espri, pitye pou nou !
1. Tèt nou, li chaje ak move lide,
tèt sa a, ou te banou li pou n’ konnen w’.
2. Kè nou, li plen ak move santiman
kè sa a, ou te ba nou li pou n’ renmen w’.
3. Kò sa a, li pèdi valè lavi li
kò sa a, ou te vle se tanp ou li ye.
4. Lang nou, nan manti li pèdi valè l’,
lang sa a, ou te vle li di verite.
5. Zèv nou, se dlo nan je y’ ape bay lòt,
konsa n’ anpeche Wayòm nan rive.