Granmèt nou leve kanpe,
Nou pral pale paròl la,
Se vre kote n’ a pase
N’ a va kite limyè w’ la. (2)
1. N’ ap fè lwanj pou non ou, Granmèt
paske ou la nan mitan nou
ou te vini viv sou tè a
pou ka montre n’ chemen verite a.
2. N’ ap fè lwanj pou non ou, Granmèt
paske ou la nan mitan nou
ou mande nou yon sèl bagay
se pou n’ travay pou tè a ka progrese.
3. N’ ap fè lwanj pou non ou, Granmèt
poujan ou renmen nou tout bon
malgre tout vye defo nou yo
ou chwazi nou pou nou travay avèk ou.
4. N’ ap fè lwanj pou non ou, Granmèt
jodi a vre, nou pap fè bak
n’ ape pale paròl la nèt
pou eksplwatè pa gen plas nan mitan nou.