Granmèt la fè gran mèvèy pou mwen,
Li leve m’ jous bò kote l’ chita.
1. M’ ap chante kijan Granmèt la gran,
kè m’ kontan nan Bondye ki sove m’
li panche sou Sèvant li ki pòv
Tout ras moun ap di kijan m’ gen chans.
2. Granmèt la fè gran mèvèy pou mwen
Non li sen, li anlè tout bagay
Kè l’ sansib sot nan aras al nan ras
Pou tout moun ki gen respè pou li.
3. Li louvri pakèt fòs ki nan bra l’
li gaye moun k’ ap fè arogan
li vide sa k’ fò yo nan pousyè
li leve sa k’ pòv yo jous anlè.
4. Li konble sa k’ grangou yo ak byen
li voye sa k’ rich yo de men vid
li leve Israyèl, sèvitè l’,
li sonje kijan l’ gen kè sansib.
5. Se promès li te fè zansèt nou,
Abraam ak ras lipou tout tan
Viv Bondye, Papa a ak Pitit la
Ak Lespri a, pou tout tan, Amèn.