Goute, goute, n’ a wè, n’ a wè,
Kijan Granmèt la bon.
1. M’ ap chante lwanj Granmèt la
pandan tout lavi mwen
Lwanj Granmèt la
pap janm sispann pou mwen.
2. Nan Granmèt la sèlman
nanm mwen ape fete.
Pòv yo koute m’
An nou fè konpliman.
3. Ede m’ fete Granmèt la
an n’ lwanje non l’ ansanm.
Lè m’ nan malè
Mwen rele l’ delivre m’.
4. Moun ki ret sou kont li
limyè klere sou yo.
Yo pap pran ront
Yo pap nan tèt chaje.