1. Genyen yon zanmi ki vle pale avè w’
pou li di w’ jan l’ renmen w’ jan li vle ede w’.
Se zanmi ki sensè vrèman li san defo
Li aji ak tout kè l’, non l’ se Jezu-Kri.
2. Si kè toumante, sikonsyans ou trouble
si w’ vle gen lapè, si lespri w’ chavire.
Ou pa bezwen pè, ni bezwen ezite
Vin konfye w’ nan Jezu w’ a va jwenn lapè.
3. Nan vwazinaj ou, menm anndan lakay ou
si gen moun ki tonbe nan menm ka ak ou
Se pou envite l’ vin ofri bay Jezu
Ak tout kè, tout vi li e l’ a va geri.
4. Si w’ vle yon kè kontan k’ ap dire pou tout tan :
se pou koute, se pou mache ak Jezu
Menm si w’ malere w’ a viv avèk espwa
W a jwenn kè poze ou va genyen lajwa.