Fò nou tout ansanm fè youn
Se lòd Jezu te pase.
Ou pa kab rayi san ou
Nou tout se san Jezu-Kri
Li menm ki rasanble nou
Fò nou tout ansanm fè youn.
1. Bondye renmen tout kretyen 3. Nou pa kapab fè lènmi
Ata sa ki pa vle bon. Nou dwe di tout moun bonjou
* Bondye li menm ki fè nou * Si ou kenbe moun nan kè
li menm k’ okipe nout tout. (2) Ou pa mache ak Jezu. (2)
2. Nou menm, se pitit Bondye 4. Fòk nou pran ka tout moun
yon sèl Papa ki fè nou. Bondye li menm pran ka nou
* Nou tout se frè Jezu-Kri * Tou sa nou fè pou frè nou
li vle pou youn renmen lòt. (2) se pou Jezu menm nou fè l’ (2).