Flajelasyon ! Flajelasyon (2)
1. Lè yo kenbe yon moun pou yo maltrete l’
san l’ pa fè anyen, lè yo pa menm ba l’ tan
pou l’ rale yon souf, pou l’ refè fòs li.
Se Pitit ou a menm y’ ap trete konsa a, malgre l’ inosan.
2. Lè yo kenbe yon moun pou yo kondane l’
san l’ pa fè anyen, lè yo pa menm pèmèt
fanmi l’ ak zanmi l’ pou yo soulaje l…
3. Lè yo kenbe yon moun pou yo souflete l’
san l’ pa fè anyen, lè yo pa menm kite l’ di yon sèl paròl
pou l’ defann kòz li…
4. Lè yo kenbe yon moun pou yo ba l’ kout fwèt
san l’ pa fè anyen, lè yo pa menm gade
si l’ manman pitit, si l’ papa pitit, …
5. Lè yo kenbe yonmoun pou yo bourade l’
san l’ pa fè anyen, lè yo pa menm rete
pou l’ leve kanpe, pou l’ jwenn pozisyon…
6. Lè yo kenbe yon moun pou yo domaje l’
san l’ pa fè anyen, lè yo pa menm voye l’
al chèche remèd pou jwenn gerizon…