Moun ki leve tèt, Bondye fè l’ bese l’
Moun nan menm ki bese tèt, Bondye fè l’ leve l’.
1. De mesye monte nan Tanp pou y’ al lapriyè
youn ladann al jous devan lòt la ret dèyè.
2. Premye a se Farizyen, nèg ki arogan,
dezyèm nan se Pibliken, pèseptè nou an.
3. Farizyen nan priyè l’ la : Granmèt, mwen kontan
paske m’ pa tankou nonm sa a : vòlè devoran.
4. Pibliken li menm podyab tou ront deklare :
Papa mwen tanpri fè pa m’ mwen fè kont peche.
5. Pibliken an jwenn favè, Granmèt la koute l’
li fè li moun debyen nèt, li ba l’ kè poze.