Granmèt la, se li ki sèl espwa mwen
Nan li sèl mwen mete tout konfyans mwen
Se li k’ ap vini pou delivre mwen
Pou l’ sove m’ anba tout sa ki mal.
1. Se sou Granmèt la mwen mete tout espwa mwen
kè kontan m’, tèt chaje m’ tout sou kont li
mwen sèten li pap janm fè mwen ront
daprè jan l’ toujou devwe pou mwen.
2. Paròl Granmèt la, se li k’ ap dirije mwen
se sou li m’ ap regle tout lavi mwen
Lajounen kou lannuit m’ ap sonje
M ap sonje tout sa li fè pou mwen.
3. Se pou mwen viv pou m’ di jan Bondye bon
m ap mache rakonte tout bèlte l’ yo
Mwen vle fè konpliman pou Bondye
Kounye a e pou tout tan. Amen.