Pèp la travèse, dlo lamè a dèyè l’,
Sab la cho anba pye l’, paradi a byen lwen.
1. Swaf ap touye l’, li mande dlo pou l’ bwè.
Dlo a anmè, li kòmanse babye :
Kote tè sa a, Granmèt la promèt la.
2. Grangou fè l’ mal, li mande pou l’ manje
manje a fad, li kòmanse babye :
kote zonyon, nou te jwenn Lejip la ?
3. Fatig febli l’, li mande repoze
repo a kout, li kòmanse babye :
Kote tonbo, nou kite Lejip la ?
4. Rout la pa klè, li mande pou gide l’
Gid la pran tan l’ li kòmanse babye :
Kote Moyiz, nou pa konn sa l’ tounen.
5. Tè a tou pre l’, li mande pou l’ teste l’
Tès la fè l’ pè, li kòmanse babye :
Kote chèf la k’ ap batay pou nou an ?
6. Li enstale, li mande pou l’ gen wa
Wa a fè l’ abi, li kòmanse babye:
Kot Emanuèl, Granmèt la promèt la ?
7. Tan yo fin bout, promès la akonpli
Men gen dèyè, se li menm n’ ap ret tann
Paradi a, se nan nwa n’ ap viv li.