1. Pa gen lontan, nan on peyi lòt bò dlo,
ti jèn pòv t’ ap pase mizè,
yo t’ ap soufri, moun pat pran ka yo,
men Bondye t’ ap veye sou yo.
Li voye ba yo yon papa tout bon
Ki bay lavi li, tou sa l’ te genyen
Pou lafwa, renmen avèk espwa
Ka jèmen nan travay ak lajwa.
Don Bosko papa nou, n’ ap chante pou ou,
Retounen yon lòt fwa nan mitan jèn yo.
Don Bosko papa nou, n’ ap chante pou ou,
Retounen yon lòt fwa jèn yo bezwen ou.
2. Men jodi a sou tout fas tè a
gen anpil moun k’ ap suiv tras li
Yo deside bliye tout bagay
Pou sèvi Bondye ak jèn yo.
Se konsa chak jou nan efò y’ ap fè
Nan peyi nou tou Ayiti cheri
Don Bosko ou tounen nèg lakay
K ap travay pou lavi a pi bèl.