Di n’ kisa Granmèt pou n’ ta pote ba ou,
Pou n’ ta fè ou plezi.
Ou di n’ sa w’ pito se pa sa nou genyen
Men se kè n’.
1. Ou te konn resevwa pou Papa Abraam
Ou te konn aksepte kado Abèl yo.
Konsa nou vin ofri w’ ti kado pa nou yo
Se avèk menm lafwa, ak menm santiman.
2. Ou toujou resevwa kado ki byen sensè
dènye zansèt nou yo te konn ofri ou
Konsa nou vin ofri w’ ti kado pa nou yo
Se avèk menm lafwa, ak menm santiman.
3. Ou toujou pran plezi nan kado Jezu a
se sakrifis tèt li pou l’ fè sa nou vle.
Kado sa a san parèy, kado sa a san defo
E se kado sila nou vin ofri ou.