1. Dat la rive pou n’ al jwenn Sovè a
An nou janbe Betleyèm n’ a wè li.
Li tou pitit, ala li pòv atè a,
Se yon touf pay, li genyen pou l’ dòmi.
Yon pòv konsa n’ a mèt koute Paròl li.
L ap ede nou anba traka lavi.
Wi n’ ap sove, yon fòs ap delivre nou
Leve tèt, Kanpe, Nwèl la s’on bon Nouvèl !
Kanpe ! Kanpe ! Lavi a pral pi bèl !
2. Ti pitit sa a se travayè parèy nou
li konn ki rout malere bezwen suiv
l ap pase tray e lanmò va frape l’ tou,
men apre sa l’ap leve e l’ ap viv.
Nou tout ansanm an nou fè fòs apre li,
Ak lafwa nou an nou pran rout li di
Wi n’ ap sove, yon fòs ap delivre nou
Leve tèt, Kanpe, Nwèl la s’on bon Nouvèl !
Kanpe ! Kanpe ! Lavi a pral pi bèl !