Chante nou ki sou latè ! Chante nou menm ki nan syèl !
Tout vwa eklate ansanm, eklate yon chan nouvo.
1. Bondye, se ou ki bèl, Bondye se ou ki gran
se pou ou, ak tout kè, n’ ap chante yon chante nouvo.
2. Bondye, se ou ki Mèt, Bondye, se ou ki fò
Anro nèt, se ou menm ! Napwen lòt ki chita pi ro !
3. Mèvèy, tous a ou fè ! Klète nan chemen ou
nou pa konn ak ki mo pou nou di jan Bondye debyen.
4. Bondye, ou kreye mwen ! Bondye, ou renmen mwen !
ou ban mwen lavi ou pou mwen viv avèk ou tout tan.
5. Chante ak kè kontan ! Fete ak bèl mizik
di mèsi, fè lwanj, konpliman pou Papa Bondye.
6. Jezu, ou sove nou, ak ou nou fè yon kò,
ou se tèt, nou se manm ! Gras a ou, nou pitit Bondye.
7. Lwanj pou Lespri Sen ! Se ou ki fè nou bèl
Se ou menm, avèk gou, ki trase tout finès nan nou.