Bravo, rele viv pou nèg sa a
Ki klere n’ ak limyè l’ la
Bravo, chante ak tout kè nou
Alelouya, viv Granmèt la.
1. Nèg sa a te pale yon lang
ki te fè tout moun sezi
li t’ ap di : « nou tout nou se frè »,
ay zanmi nou tout nou se frè.
2. Zanmi di m’ kilès li ye ?
Li ki chanje lavi m’ nan
Ki klere ak paròl li a
Ay zanmi, ak paròl li a.
3. Zanmi, ou mèt suiv li tou
Nèg sa a mwen rankontre a
Wa va wè, si ou mache avè l’
Ay zanmi, wa vini pi moun.
4. Nèg sa a te di yon paròl
« Yon moun k’ ap viv kounye a
si l’ renmen Bondye ak frè l’ yo
Ay zanmi, se yon moun nouvo.