An nou fè lwanj pou Granmèt la, bravo pou li
Se li ki ba nou lavi, bravo pou li.
1. M’ ap mache di tout frè mwen yo ala bon li bon
kote m’ pase fò m’ rakonte jan li gen bon kè.
2. Granmèt la ba nou kè kontan, fò n’ di tout moun sa
Granmèt la leve tèt nou vre, bravo poutèt sa.
3. Granmèt gade pitit ou yo, k’ ap viv sou kont ou
fè nou rive jwenn ou yon jou, se ou n’ ap chèche.