Bondye voye m’ pou m’ temwaye
Bondye voye m’ pou m’ pale paròl li
Men se li menm k’ ap pale nan kè mwen.
1. Bondye voye m’ pou mwen chante
tout mèvèy li kreye
Bondye voye mwen pou m’ fè lwanj pou li.
2. Bondye voye m’ pou mwen renmen
tout moun ki sou latè.
Bondye voye mwen di yo se sa k’ konte.
3. Bondye voye m’ pou mwen mache
fè patizan pou li.
Bondye voye mwen pote Verite a.
4. Bondye voye m’ pou mwen leve
moun ki tonbe nan rout
Bondye voye mwen montre chemen syèl la.