1. Bondye voye lakay Mari
pou mande l’ si l’ vle travay avè l’
* Mari reponn « Men mwen » (2)
E ou menm frè mwne an, e ou menm sè mwen an
Men Bondye vle pale avè w’
E ou menm frè mwen an, e ou menm sè mwen an
Men Bondye voye kote w’.
2. Bondye voye lakay Jozèf
pou mande l’ voye je sou Jezu
* Jozèf reponn : « Dakò » (2)
E ou menm frè mwen an, e ou menm sè mwen an
Ak ki moun ou vle pataje
E ou menm frè mwen an, e ou menm sè mwen an
Kòz ki moun ou pre pou ou defann.