Bondye o oye, oye, oye.
Men pitit ou yo, oye, oye.
Bondye o oye, oye, oye
N ape chèche ou kote ou ye.
1. Vin aprann nou kwè tout moun se moun
se yon lwa pou w’ grave nan kè nou.
Paròl sa a se yon bèl Levanjil
Se li menm, se li menm nou dwe viv.
2. Vin aprann nou mete tèt ansanm
se pou chak koukouy klere pou lòt
kontra sa a se li sèl pou n’ siyen
wi wi wi wi wi wi nou dakò.
3. Vin aprann nou jan Bondye konn bay
se nou menm ki pa vle separe
skandal sa a se yon pakèt skandal
ayayay mezanmi ayayay.
4. Vin aprann nou rayi lamizè
se travay pou n’ travay pou n’ kraze l’
espwa sa a nou toujou karese l’
an avan mezanmi an avan.