Bondye se ou mwen vle, ou sèl ki laverite
Tout bagy mèt kraze, ou menm w’ ap toujou kanpe,
Ki kote pou m’ ale, kilès pou m’ ale trouve ?
Sinon ou sèl Bondye, ou sèl ki kapab sove m’ !
1. Wi m’ ap sèvi Bondye, fòk mwen fè sali vle,
li pa gade sa mwen ye, pou li proche vin kote m’
Bondye pa te fòse m’, li vle m’ fè volonte l’
li kite m’ lib pou m’ chwazi, swa lanfè, swa paradi.
2. Lè m’ gade yon pye bwa, likanpe kon yon wa,
li gen rasin fon nan tè, anyen pa kab fè li pè.
Yon van vini soufle, li kòmanse souke
yon sèl kou li chavire, tout puisans li fi n’ kraze.
3. Menm si m’ ta kòmanse pou m’ fè tout sa mwen vle
si lanmò poze sou mwen ki kote pou m’ al kache
Li vle pran m’ tout kote, se nan ou m’ ap mache,
lè m’ rive byen kalkile, se pye w’ Granmèt pou m’ kenbe.
4. Sèl bagay mwen tande, Labib la rakonte,
yon sèl ki mouri k’ leve, se Jezu Pitit Bondye.
Sa bay anpil espwa pou moun ki gen lafwa
Sa k’ santi yo nan Bondye, yon jou y’ a resisite.