Bondye ou se Papa m [Ou k’ Papa m]
Pou kisa ou bliye m [Pa bliye m]
Tanpri pa lage mwen [Pinga w’ lage m]
Se ou ki sèl epwa m [O Bondye]
Sou ou sèl mwen konte [Pa fè m’ ront]
Se ou menm ki tout vi m’ [Ou k’ Bondye m]
Vini pou ou delivre m [Vini sove m]
Anba tout sa ki mal [Se ou k’ sèl espwa m]
1. Se pou ou Granmèt
mwen vin yon je enkoni
pou pitit Papa mwen yo,
mwen tounen yon etranje
pou pitit manman mwen yo.
Se pou ou Granmèt
m aksepte imilyasyon,
lapenn ak dezolasyon
paske m’ konnen ou se Bondye m’
w ap toujou vin delivre m’.
2. Si Bondye pou mwen,
kilès ki kapab kont mwen ?
kilès ki kapab kondane m’ ?
Si manman m’ ak papa m’ lage m’
Granmèt la ap resevwa m’.
Paske mwen konnen
Tout bagay tounen an byen
Pou sila ki renmen w’ yo
Mwen lage m’ nan men ou Granmèt
Delivre m’ ak tout sa k’ mal.
3. Fò m’ pase tout vi m’
ap di kijan Bondye bon,
ap chante jan l’ se renmen
ap di jan l’ gen kè sansib
pou tout sa li kreye yo.
Lwanj pou Papa a
Li menm ki fè tout bagay
Lwanj pou Jezu ki sove n’
Lwanj pou Lespri l’ k’ ap gide n’
Koulye a e pou tout tan.