SOU TÈ A
Bondye, ou menm ki ban n’ tout sa k’ sou tè a,
Men pitit ou yo k’ ap vin jwenn ou.
1. Avèk pen n’ ap ofri w’ la,
n ap sonje tout lòt frè n’ yo
k ap redi, k’ ap goumen pou yo viv.
2. Ansanm ak tout Legliz ou a
n ap ofri w’ diven
pou n’ aprann viv pi byen ak frè n’ yo.
3. Tout renmen ki nan kè nou
se ou menm ki mete l’
nou vini remèt li nan men ou.
4. Ou menm ki ba nou lavi
se pitit ou nou ye
pran ka nou, fè n’ viv ak kè poze.