Bondye, mwen tande w’ ap rele m’,
Mwen vin jwenn ou
Tanpri ban mwen fòs
Pou m’ suiv ou tout rès vi mwen.
1. Ou di m’ rekòlt anpil, men manke travayè,
priye mèt rekòlt la, voye travayè.
Men san Lespri ou la, nou pa menm kab priye,
Tanpri voye l’ montre n’ lapriyè.
2. Ou di m’ si m’ vle suiv ou, se pou m’ pran kwa m’ chak jou
pou mwen mache dèyè w’ pou m’ kab suiv ou.
Ou di m’ si mwen renmen paran mwen ak zanmi
Plis pase Granmèt la, mwen pap « bon ».
3. Ou di nou : « Vin jwenn mwen nou tout k’ ap redi
nou tout k’ ap pote chay, w’ ap soulaje n’.
Jezu nou fè w’ konfyans men nou vini jwenn ou
Ak tout feblès nou yo, pran n’ konsa.
4. Ou di n’ ou se Chemen, Verite ak Lavi,
tanpri fè nou toujou anvi suiv ou.
Ou se pye rezen an, nou menm nou se branch yo,
Fè n’ ret kole sou ou, O Jezu.