Bondye konble sa ki pòv yo ak byen
Li ranvwaye sa ki rich yo men vid
Li pa janm bliye jan l’ renmen nou.
1. M’ ap chante lwanj pou Granmèt la,
Lespri m’ sezi ak kontantman,
Anndan Bondye Sovè mwen.
2. Li gade pòv Sèvant li a,
tout moun ap di kijan m’ gen chans
nan tout syèk tan k’ ap vini.
3. Sèke Sila a ki plen pouvwa a,
se gran mèvèy li fè pou mwen,
se Sen yo rele non li.
4. Li vide kè sansib li a,
sot nan yon syèk al nan yon syèk,
sou moun ki respekte l’ yo.
5. Li deplwaye fòs ki nan bra l’
li gaye moun yo k’ ap pran pòz,
yo plis pase lezòt yo.
6. Li jete chèf ki gen pouvwa,
sout sou fotèy kot yo chita,
li leve pòv anlè a.
7. Moun ki pat jwenn dekwa manje,
li fè yo plen avèk richès,
li voye rich yo men vid.
8. Li vini pou l’ pote sekou,
pou Israyèl ki sèvitè l’,
li sonje kè sansib li.
9. Dapre sa li te anonse
zansèt nou yo pou Abraam
ak ras li pou syèk tan yo.
10. n’ ap chante lwanj Bondye Papa a,
ak Jezu-Kri, Pitit li a,
ak Lespri-Sen pou tout tan.