FÒ M’ CHANTE LWANJ OU
Bondye Granmèt mwen fò m’ chante lwanj ou,
Fò m’ di kijan non ou gran toupatou.
1. Fò m’ chante lwanj ou Granmèt anndan kè mwen
Bondye Granmèt se pou m’ di kijan ou gran
Ou abiye ou ak bèlte san parèy
Ou vlope kò ou nan yon rad an limyè.
2. Ou fè manje ak bwason sot nan tè a
pou ou fè tout moun jwenn dekwa kè yo kontan,
pou figi yo bèl tèlman yo byen manje,
pou pen ou ba yo a mete fòs nan kè yo.
3. Bondye Granmèt, se anpil travay ou fè
tout sa k’ genyen, se ou menm menm ki te fè yo
avèk Lespri ou k’ ap regle tout bagay
ou ranpli tè a ak tou sa ou kreye.
4. Fò m’ chante lwanj Granmèt la tout lavi mwen
fò m’ di Bondye mwen mèsi, pandan tout vi mwen,
se pou chante m’ nan kab fè kè li kontan
kanta mwen menm menm, nan Granmèt la m’ ap jwi.
5. Se pou l’ wete tout rebèl sot sou tè a
tou sa k’ pa vle viv pou li se pou l’ detwi yo
se pou kè m’ chante jan Granmèt la debyen
lwanj pou Granmèt la, pou tout tan k’ ap gen tan.