Bondye envite m’ nan fèt lakay li
Al’on mèvèy sa a.
Depi byen lontan l’ ap espere mwen
Fèt la bèl, fèt la bèl.
1. Bondye m’ nan o, l’ renmen mwen
li san parèy tande
M ape danse pou non li,
chante pou li, alelouya.
2. Se Bondye ki rele mwen,
ki konvoke m’ tande
se li menm k’ al chèche mwen
ki rasanble n’, alelouya.
3. Bondye sa a diferan vre,
tout moun se moun pou li
Se Bondye zansèt nou yo
Mwen vle chante l’, alelouya.
4. Bondye m’ nan o, l’ fou pou mwen
m gen gro valè pou li
nan pami tout sa l’ kreye
li pi renmen m’, alelouya.