O Bondye tanpri pitye pou mwen
O koute vwa m’, w’ a padone mwen souple
Padon Papa. * Oooo ! (4)
1. Gen jou m’ leve, mwen lapriyè w’,
Gen jou m’ leve, mwen neglije w’.
Tanpri Papa, pa gade sa, bliye sa.
2. Lè m’ nan mizè, m’ rele w’ Papa,
Ou ban m’ lajan, mwen ba w’ traka.
Tanpri Papa, pa gade sa, bliye sa.
3. Lè m’ gen problèm, m’ priye Bondye
Lè l’ fin ede m’ m abandone l’
Tanpri Papa, pa gade sa, bliye sa.