Mwen pap mouri ak nouvèl la
Se pou m’ ale bay Nouvèl la
Leve m’ mete m’ sou tèt mòn nan
Pou m’ ale bay nouvèl la.
1. Jezu ban mwen nouvèl pou m’ bay
pou m’ ale fè misyon pou li
li pap kite lanmò vin pran m’
san m’ poko bay nouvèl la.
2. Fò m’ al di tout moun : Chanje kè nou
Règn Bondye a tou pre rive
Pinga nou chita ape gade !
Aksepte Bòn Nouvèl la.
3. Fò m’ ale chèche dènye frè m’ yo,
pou yo tande Paròl Bondye
se lòd Jezu-Kri te ba nou tout
ale bay Bòn Nouvèl la.