Ave, Ave, Ave Maria ! (2)
1. Kè w’ pou kontan, O manman Mari,
poutèt tout mèvèy Bondye fè nan ou.
2. Depi w’ parèt nan zantray manman w’
ou deja konble ak mèvèy Bondye.
3. Nan Nazarèt demann Bondye fè w’
ou di w’ aksepte, tout fon kè w’ di wi.
4. Ou te chwazi pou te toujou Vyèj
Bondye fè w’ tounen yon Vyèj ki manman.
5. Ou te reponn : Sèvant Bondye w’ ye,
sa ou vle se menm ak sa Bondye vle.
6. Nan nòs Kana fèt la t’ ap gate,
ou di Jezu sa : Li fè volonte w’.
7. Nan pye lakwa, tout kè w’ fi n’ chire
konsa w’ vin genyen nou menm pou pitit.
8. Tout renmen an devlope nan ou
ou ban nou Jezu, ou konble kè nou.
9. Jezu prezan, vivan nan Losti
se pi bèl kado nou jwenn nan men ou.
10. Jezu prezan, vivan nan Legliz
pa vin san ou menm, se ou ki manman.
11. Nou rekonèt ou Manman Jezu,
ou manman nou chak, ou manman Legliz.
12. Lakominyon, se fòs ki kenbe n’
pou n’ gen tèt ansanm, pou nou fonn fè youn.
13. Lakominyon, fè nou rankontre
ni Jezu, ni ou, ni Bondye nan syèl.