Avantaj Granmèt la ba nou an
Li rele kè kontan, kè anpè.
Avantaj pou nou bay prochen nou
Li rele renmen yo ak tout kè.
1. Si nou renmen frè nou ak tout kè,
nou se pitit Bondye tout bon vre.
Lè nou fè devouman pou prochen,
Limyè syèl la klere sou latè.
2. Nou mande kilès ki prochen nou
se tout moun ki sou latè ak nou.
Nou mande sa pou nou fè pou yo,
N a devwe pou yo kab devlope.
3. Yon vwayajè sou rout Jeriko
te tonbe anba men asasen.
Yo piye l’, yo kite l’ pre mouri
Li pat kab fè anyen pou tèt li.
4. Anpil moun nou kontre nan lavi,
lavi a jete yo plat atè.
Yo tonbe, y’ ap drive, y’ ap soufri
E traka fè pafwa yo mechan.
5. Nan pwen moun ki te fèt pou laront,
pou mizè, pou malè, pou grangou.
Bondye fè yo pou leve tèt
Pou yo santi y’ ap viv an respè.
6. Yon prochen k’ ap drive nan bezwen
ki pa kab ni leve, ni mache.
N a travay ede li fè yon pa
L a pran fòs pou li fè yon lòt pa.