Avanse, avanse, mwen avè w’, ou pa bezwen pè,
Avanse, kontinye avanse pou n’ g’on tè nouvo (2)
1. Kote genyen moun ki nouvo,
tè a vini nouvo,
tout bagay vin nouvo.
Men pou gen santiman nouvo,
anndan yon kè nouvo, fòk nou avanse.
2. Lè gen santiman nouvo,
anndan yon kè nouvo,
zantray tè a vin nouvo.
Men pou gen santiman nouvo,
anndan yon kè nouvo…
3. Avèk yon Lespri ki nouvo,
pou rouze lide nouvo,
rekòlt la ap vin nouvo.
Men pou gen lavi nouvo,
pou rouze lide nouvo…
4. Lè yon jenerasyon nouvo,
pot solisyon nouvo,
kadans tanbou a vin nouvo.
Men pou gen jenerasyon nouvo,
Pou pot solisyon nouvo…
5. Avèk limyè ki tou nouvo,
chèche chemen nouvo,
pou Ayiti vin nouvo.
Men pou jwenn limyè ki nouvo,
pou chèche chemen nouvo…
6. Yon jou peyi n’ nan gen pou l’ nouvo,
ou gen pou ou nouvo,
mwen gen pou m’ nouvo.
Men pou peyi n’ nan vini nouvo,
pou nou vini nouvo…