Aproche vini antoure mwen
Aproche vini pou m’ ban n’ lavi.
1. Li pa janm trò ta
Pou n’ jwenn reparasyon
Pou n’ sanble avèk mwen.
Mwen toujou tou pre n’
Mwen pa janm fatige
Lonje men mwen ba nou.
Proche, proche, nan sous bonè a.
2. Nou te mèt genyen
Tout sa ki sou tè a
Men san mwen sa se blag.
Si nou vle vin rich
Se kouri vin jwenn mwen
E n’ a konn sa sa ye richès…
3. Depi n’ fè yon pa
Mwen pa janm kite nou
Pran rout la pou kont nou.
Mwen asire nou
M ap konble nou ak fòs,
Pou nou kapab rive…
4. Avèk mwen nou rich
Nou gen tout sa n’ bezwen
Paske se mwen k’ lavi.
Pa kouri agòch, ni pa kouri adwat
Men pinga n’ ret kanpe…
5. Ou k’ dekouraje
ki gen tan fatige
ki pèdi tout espwa.
Sonje byen mwen la
Se ou menm m’ ape tann
Anyen pa enposib pou mwen…