Nou konnen nou peche anpil
Bondye Papa nou.
Pou nou kapab dòmi trankil
Padone nou.
1. Anvan lannuit, fini rive / Bondye Papa nou
Nou tout isit nou rasanble / Pou priye ou.
2. Nan linivè ou se sèl Mèt, / Bondye Papa nou
Se ou menm sèl nou rekonèt / Nan peyi nou.
3. Ou te ban nou yon bon jounen / Bondye Papa nou
Fè nou pase yon bon sware. / Proteje nou.
4. Ou te sekouri nou byen vit / Bondye Papa nou
Tankou manman fè pou pitit / Mèsi bokou.
5. Lajounen an pase byen vit / Bondye Papa nou
Pa kite nou mouri sibit / Nan somèy nou.
6. Lè n’ a mouri tanpri souple / Bondye Papa nou
Fè n’ al jwi nan letènite / Pran nou ak ou.