Bondye se lavi mwen
Fò m’ ba l’ tout sa m’ genyen
Mwen vle sèvi l’ temwen
Nan travay tout lajounen.
1. Mwen te panse lè mwen fin batize
ou kominye, ou renouvle,
ou ta gen dwa pou di ou delivre
se lè sa a ou angaje.
2. Mwen sonje lè mwen te fin kominye
mwen te promèt pou m’ kab kenbe
Se yon promès pou mwen pa janm bliye.
Mwen pa kab tronpe Bondye.
3. Mwen santi mwen pa fèt pou m’ ret kanpe
mwen gen gran responsablite.
Pitit Bondye pa kab sèvi pòtre
Se tout tan pou m’ avanse.