1.An n’ sonje Jezu Granmèt la, ki te vin sove nou
Li si tèlman renmen nou vre, li bay tèt li pou nou.
Wi li si tèlman renmen nou li bay tèt li pou nou
Men li leve vivan byen vivan pou-l kab ret avèk nou.
2. Si n’ aksepte mouri ak li n’ a viv ansanm ak li
Si n’ vle pase mizè ak li, n’ a pot drapo ak li.
3. Nou se zanmi li tout bon vre, si n’ fè sa-l kòmande.
Depi yon kretyen kwè nan li, li pa gen dwa .
4. Chak fwa n’ manje kò Jezu-Kri, n’ anonse lanmò li
Chak fwa nou bwè san Jezu-Kri, se pou nou sonje li.
5. An n’ fè lwanj pou Bondye nou an, an n’ di : Viv Granmèt la
Lwanj pou Papa-a ak Pitit la, lwanj pou Lespri Sen an.