An n’ avanse pandan lofrann nan,
Mete sa nou genyen,
Bay piti pa janm chich.
Si nou bay pou nou fè grandizè,
Nou pa bay frè n’ ak sè n’ yo,
Bay sa a pa gen valè.
1. Moun ki gen anpil, se pou n’ pataje
avèk moun ki gen anpil problèm.
Si l’ pa separe pou l’ vini pi rich
L’ aprale tonbe nan rèl ak manje dan.
2. Se pou bay Seza sa ki pou Seza
men pinga w’ bliye sa ki pou Bondye
Sa ki pou Bondye se tout byen sou tè a
Se pou n’ pataje sa Bondye te ban nou.