Alelouya ! Alelouya ! fò nou chante, fò nou fete.
Jezu te mò, li leve byen vivan
Lanmò peri, lavi triyonfe.
Viv ! Viv ! Rele viv Bondye nan syèl!
Viv kretyen ki kanpe ak Jezu-Kri !
1. Li te byen mouri, yo te pèse kè li
Kadav antere depi vandredi
Men, dimanch maten, anvan solèy leve
Li chavire lanmò a, li kanpe vivan.
N ap di alelouya, glwa pou Bondye nan syèl !
Viv Jezu-Kri, Alelouya.
2. Medam yo ale, yo jwenn tonbo ouvè
De zanj te vini pou ba yo nouvèl
Jezu pa kraze anba talon lanmò
Men lanmò depafini anba pye Jezu…
3. Pyè ak Jan ale, yo wè lanmò mouri
Sa lanmò te vle, se pa sa li jwenn
Yo sonje paròl sa a Jezu te di yo
« Se mwen ki Rezireksyon se mwen ki lavi »…