1. STASYON
Tout moun rele : « Kloure li sou kwa a »
Ala soufrans anpil
Tout moun rele : « Lage Barabas »
Ala soufrans gen pri
Jezu fremi men li aksepte
Ala soufrans itil
2. STASYON
Ak kwa a sou do l’, l’ ap peze monte
Ala soufrans anpil
Men sa ki lou se peche nou yo
Ala soufrans gen pri
Jezu peye pou nou jwenn padon
Ala soufrans itil
3. STASYON
Sovè nou an tonbe plat atè…
Nanm li chagrin jouk pou l’ ta mouri…
Kote lòm fèb, se la Bondye fò…
4. STASYON
Soufrans pitit, se doulè manman…
Yo de ansanm sipòte menm jan…
Se yon sèl kè, yon sèl devouman…
5. STASYON
Dènye kretyen rankontre soufrans…
Jezu te di fòk nou pote kwa…
Si nou soufri, n’ a gen rekonpans…
6. STASYON
Wi Jezu sal, wi li gen tan lèd…
Anba peche moun defigire…
Jezu soufri pou nou kab refè…
7. STASYON
Feblès lakòz tonbe nan chemen…
Moun ki tonbe pa pou ret atè…
Se fòs Bondye k’ ap fè nou kanpe…
8. STASYON
Peche nou yo lakòz gro malè…
Kriye pa kont, fò nou korije…
Jezu tonbe pou nou kab leve…
9. STASYON
Jezu tonbe, li pa kab ankò…
Konsa malè konn kase kouraj…
Men n’ a leve pa pouvwa Bondye…
10. STASYON
Yo pran rad li pou yo separe…
Vòlè konn pran tout sa nou genyen…
Gade Jezu e n’ a pran kouraj…
11. STASYON
Jezu kloure ak de malfektè…
Ala ronte, ala repiyans…
Men se tout mal ki kloure sou kwa a…
12. STASYON
Mari kanpe, kè l’ ap dechire…
Dlo benyen je l’ tank li gen lapenn…
Men li byen fèm paske l’ an espwa…
13. STASYON
Nan kè Jezu, san ak dlo koule…
Nan kè Mari, lapenn ogmante…
Nan kè kretyen, lavi kòmanse…
14. STASYON
Jezu soufri, mouri, antere…
Men l’ ap leve pou l’ leve tèt nou…
L ap fè n’ antre nan lavi san fen…