Men yon nonm ki pa gen parèy
Ki bay vi li pou dènye moun
Al’on mèvèy estròdinè se renmen.
1. Mèvèy ki pa gen parèy
mèvèy wi ki depase n’
mèvèy ki fè m’ bese tèt
devan kokenn grandè sa a.
2. Lè yon moun renmen yon lòt
li pa vle zepeng pike l’
Si youn tonbe li mouri
lòt la santi l’ mouri tou.
3. Bondye tèlman renmen nou
li bann sèl Pitit li a.
Depi n’ kwè nan Jezu-Kri
N a viv nan lanmou san fen.