Adore kwa Pitit Bondye a
Nan kwa sa a nou jwenn lavi Bondye
Gras a san Jezu-Kri.
1. Peche n’ te trò lou, nou pat kapab peye
Pitit ou vini, li sakrifye lavi l’.
Nan san Jezu-Kri, ou nwaye peche n’
Fò n’ mouri avè l’ pou n’ reviv.
2. Depi batèm nou, nou mouri ak Jezu
vin kache lan li pou n’ ka leve avè l’.
Se yon vi renmen Jezu propoze n’
Fò nou reponn li pou n’ jwenn ou.
3. Jezu-Kri tounen yon Sèvitè k’ ap soufri
li kache bèlte l’, anpil moun meprize l’
Se mizè nou yo li te pran sou do l’
Se konsa Bondye delivre n’.
4. Sila ki kreye tou sa ki egziste
kache pouvwa li, mechan kwè yo kraze l’
Lè l’ mouri sou kwa, li pot laviktwa
L ap leve vivan pou tout tan.
5. Poukisa Jezu te oblije soufri
pou l’ rive rantre nan yon bèlte ki te pa l’
S epaske l’ te vle fè n’ antre avè l’
Malgre peche nou lan bèlte l’.
6. Kwa Jezu-Kri a ki drese sou tè a
se sèl espwa nou, se nan li n’ gen lavi.
An nou medite soufrans Jezu yo
Pou n’ ka sipòte soufrans pa n’.
7. Menm jan Jezu-Kri apre li fin soufri
travèse lanmò pou l’ ale viv kot Papa a
Se konsa tout moun k’ ap pote kwa yo
Ap Wa pou tout tan nan syèl la.