Abraam koute, men sa Yave di :
Pran sèl grenn pitit ou a,
Sakrifye li ban mwen.
1. Abraam granm maten sele bourik li
ak de domestik, li fann bwa dife pou sèvis Granmèt la.
Li pran Izaak e li pati avè l’,
Al’ on sakrifis.
2. Abraam sou twa jou di domestik yo : rete tann mwen la.
Mwen prale avèk pitit la pou kò li
Pou m’ al adore Granmèt la pi laba
Ala yon lafwa.
3. Abraam mete bwa pou sakrifis la sou do Izaak.
Li menm menm li pran kouto l’ ak dife li
Pou l’ al sakrifye sèl grenn pitit li a
Jan Bondye te di l’.
4. Izaak sou rout la poze yon kesyon li di Papa li
« Men m’ wè bwa avèk dife pou sèvis la
kote mouton an ou pral sakrifye a ?
« Se Bondye k’ konnen.
5. Abraam sou mòn nan ranje yon lotèl pou sakrifis la
li mare pitit li a sou lotèl la
li leve kouto l’ pou l’ touye Izaak
Yon anj rete men l’.
6. Mesaje a di li « Kite pitit la pinga touche li
Bondye wè kijan ou gen lafwa nan li
Ou pa refize l’ sèl grenn pitit ou a
L’ ap beni ou nèt ».
7. Abraam leve je l’ li wè yon mouton nan yon touf pye bwa
li pran li nan plas pitit li Izaak
Li sakrifye li sou lotèl Granmèt la
Ala Bondye saj.
8. Desizyon Abraam fè Bondye konfyans nan tou sa l’ mande l’
fè l’ tounen papa tout fidèl Bondye yo
pran egzamp sou li pou n’ obeyi Bondye
nan tout sikonstans.