1. Ala renmen Granmèt la renmen nou
Renmen sila a, se renmen san limit
Li sot nan syèl, li desann sou latè
Pou l’ montre nou kijan pou n’ renmen tou.
2. Pou Jezu-Kri montre jan l’ renmen nou,
Li bay lavi l’ pou l’ kapab sove nou
Pi plis toujou li montre jan pou n’ viv.
Pou n’ kab byen viv, ansanm ak tout frè yo.
3. An n’ bay lanmen pou n’ montre jan n’ renmen
ann di frè n’ yo n’ ap mache men nan men
Si nou renmen jan Jezu-Kri renmen
Bondye li menm va renmen nou pi plis.