Ala chans pou yon moun
Ki gade paròl Bondye a nan kè nou
Pou jan li pròp, jan li bon.
Wi, se chans pou yon moun kikontan
Mache dapre lòd Granmèt la ;
Peyi Wa a ki nan syèl la se pou li.
1. Se chans pou moun kape viv nan lapenn
paske ya jwenn soulajman.
Se chans pou moun sa a ki pòv tout bon
Peyi wa a ki nan syèl la se pou li.
2. Se chans pou moun kape travay tout bon
pou kè tout frè l’ yo poze.
Se chans pou moun sa a ki byen devwe
Peyi wa a ki nan syèl la se pou li.
3. Se chans pou moun kape manje mizè
poutèt sèvis Granmèt la.
Se chans pou moun ki gen kè li pròp
Peyi wa a ki nan syèl la se pou li.