1. Men ki gro kalite Bòn Nouvèl sa a mezanmi,
Syèl la ouvè, Bondye menm menm, vin nan mitan nou.
Zanmi tande, Zanmi tande!
Zanmi tande, tande, w’ a tande!
Syèl la ouvè, tande, tande, w’ a tande!
2. Bondye parèt anfòm sou nou, tou piti, piti,
Yon ti bebe fèt Betleyèm, se Bondye total,
Zanmi vin wè, Zanmi vin wè!
Zanmi vin wè, vin wè, vini wè!
Bondye total, vin wè, vin wè, vini wè!
3. Se yon ti fanm yo rele Mari ki manman li,
Pitit la menm rele Jezu, sa vle di «Sovè»,
Zanmi n’ sove, Zanmi n’ sove!
Zanmi n’ sove, n’ sove, nou sove!
Nan pitit sa, n’ sove, n’ sove, nou sove!