Yon sèl Wa nou genyen (3) se Jezu-Kri
1. Wa ki te kreye syèl la ak tè a.
2. Wa k’ te vini pou l’ detwi tout peche
3. Wa k’ te vini pou l’ konbat lenjistis.
4. Wa k’ te vini pou l’ wete mechanste.
5. Wa k’ te vini pou l’ fini ak lamizè.
6. Wa ki te pote malere jous nan kè l’.
7. Wa ki kriye lè pòv yo ap kriye.
8. Wa k’ konsole tout moun ki nan lapenn.
9. Wa ki renmen pou grangou disparèt.
10. Wa ki renmen pou tout moun viv alèz.
11. Wa k’ te vini pou tout moun konn Bondye.
12. Wa k’ te desann pou lave pye pòv yo.
13. Wa ki te ban n’ modèl renmen sou kwa a.
14. Wa k’ te mouri pou antere peche.
15. Wa k’ te leve pou yon lavi tou nèf.
16. Wa k’ te leve pou montre puisans li.
17. Wa k’ te monte nan syèl la kot Papa a.
18. Wa k’ al plas met la pou tout kretyen.
19. Wa ki voye Lespri Sen nan Legliz.
20. Wa ki mete fratènite kanpe.
21. Wa k’ ap tounen met lòd sou fas tè a.
22. Wa k’ ap vini leve tèt mouton yo.
26. Wa ki vivan e ki la pou tout tan.