A wi, sa dròl men l’ vre.
Sa k’ pèdi a, se li k’ genyen,
Sa k’ genyen an se li k’ pèdi.
Si ou vle genyen fò w’ pèdi anvan,
Lavi a se nan lanmò a li sòti.
1. Grenn ble k’ tonbe atè a
Si l’ pa mouri l’ap rete sèl,
Men si l’ mouri l’ap donnen anpil.
Sa k’ renmen vi l’ l’ape pèdi l’.
Se sa ki rayi lavi l’ k’ape sove l’.
2. Moyiz te bay lavi l’,
Li fè pèp la sot an Ejip.
Jezu-Kri bay lavi l’,
Li fè tout moun sot nan peche.
Desalin bay lavi l’,li libere tout Ayisyen.
Nou menm tou fò n’ pa pè
Bay lavi nou pou frè nou yo.
Lavi a se nan lanmò a li sòti.