Wi mwen kwè nan Bondye a,
Se li ki mèt lavi mwen,
Mwen deja fin sètifye
Sa l’ di se verite.
1. Mwen kwè genyen Papa a mèt tout pouvwa,
E mèt syèl la ak tè a,
Li fè tou sa nou wè
E li fè tou sa je pa kab wè.
Tout sa l’ kreye yo la
Yo depase tout pouvwa lèzòm genyen,
Pèsonn pap di m’ anyen,
M’ap kenbe lafwa m’ jiska lafen.
2. Mwen kwè gen Jezu-Kri, li se Granmèt
E se sèl Pitit Papa a ki la depi tout tan
E l’ se Bondye ki sot nan Bondye
Li te vin sou tè a e l’ te pase
Kèk bon lane pami nou,
Se lanmò li sou kwa a
K’ap pèmèt nou rive nan syèl la.
3. Mwen kwè gen Lespri Sen,
Li te pale lè profèt yo t’ap pale.
Se li k’ap met dife
K’ap pèmèt pèp Bondye avanse.
L’ap simaye lamou ki sot nan Papa ansanm ak Pitit la
M’ap tann tout mò leve,
M’ap tann lavi k’ap vini an.