Wi mwen kwè nan Bondye,
Sou Paròl li m’ap regle lavi mwen.
Wi mwen kwè nan Bondye,
Se Limyè l’ la k’ap klere chemen mwen.
1. Gen Bondye Papa a, Wi mwen kwè.
Li gen tout pouvwa, Wi mwen kwè.
Li fè tout bagay, Wi mwen kwè.
Ni syèl ak tè a, Wi mwen kwè.
Tout mèvèy nou wè, Wi mwen kwè.
Ni sa nou pa wè, Wi mwen kwè.
Paske l’ renmen nou, Bondye se renmen!
2. Genyen Jezu-Kri…
Se Pitit Papa a…
Jezu se Bondye…
Li se sèl Granmèt…
Li te tounen moun…
Gras a Lespri Sen…
Mari anfante l’, Bondye tounen moun!
3. Pou l’ te kab sove n’…
Li mouri sou kwa a…
Sou twa jou l’ leve…
Li monte nan syèl…
Li adwat Papa a…
L’ap fè plas pou mwen…
Fòk m’ale jwenn Li, Jezu ap tann mwen!
4. Jezu ap tounen…
Avèk tout pouvwa l’…
Pou l’ jije tout moun…
Ni vivan, ni mò…
L’ap Wa pou tout tan, Jezu se Wa mwen!
5. Gen Lespri Sen an…
Se li k’ bay lavi…
Se Lespri Papa a…
Ak Pitit la tou…
Se li k’ t’ap pale…
Nan bouch apòt yo…
Legliz la nan men l’, Se li k’ap mennen l’!
6. Gen yon sèl Legliz…
Li fon sèl fanmi…
Li Sen e l’ pou tout moun…
Gen yon sèl batèm…
Pou lave peche…
Tout mò ap leve…
Yon vi k’ pap fini, Amen, Alelouya!